« Rechèch Etid Kreyòl »
Apèl pou nimewo 1 revi a
« Òtograf kreyòl : istwa, evolisyon, kesyònman. Fokis sou kreyòl ayisyen »
Grafi kreyòl ayisyen an, Leta ofisyalize depi 31 janvye 1980, gen yon karaktè fonografemik e li konstwi dapre prensip Bernabé (1983, 2001) rele « devyans maksimal » : li pi lwen posib grafi franse a. Li tabli yon korespondans fidèl ant son yo ak reprezantasyon grafemik nan fonksyònman lang nan. Kon sa, kreyòl ayisyen an adopte yon grafi transparan. Nan sans sa a, li pi pre pa finwa a ak pa espànyòl la pase pa franse ak pa angle a. Popilasyon an asepte li epi sèvi avèk li, men gen kèk eleman ki poze pwoblèm paske yo pa ko tabli okenn antant sou yo. Se sitou yon seri eleman kreyòl la eritye nan franse epi ki gen pou wè avèk yon fenomèn yo rele sandi (sandhi). Mo sandi a soti nan lang endyen sanskrit kote li siyifi « lyannen, mete ansanm ». Fenomèn yo rele lyezon an se youn nan esperyans ki reprezante manifestasyon sandi a. Men, chwa fonografemik espesyalis yo te fè pou ekri kreyòl ayisyen an pa favorize ekriti eleman ki gen pou wè avèk fenomèn sandi a. Kalite grafi sa a pa apwopriye pou reflete varyasyon fenomèn sandi a pote (Burov, 2013).
Nicolas André (2013) evoke pwoblèm ekriti eleman sa yo poze, men li pa ale pi lwen. Yves Dejean (1980) ak Pierre Vernet (1980) pa fè pwopozisyon sou yo non plis. Lemèt Zefi (2017) touche yon lòt pwoblèm nan grafi a : kondisyon pou kole ak dekole mo ki fòme ak plizyè mòfèm ki egziste poukont yo nan lòt kontèks. Men kèk egzanp eleman sa yo ki bay pwoblèm nan ekriti kreyòl la. Nou ekri yo yon fason pou nou kapab li yo. Nou espere rekòlte pwopozisyon pou ekri nan diferan atik ki pral pibliye yo.
/ɛ̃nɑ̃/ : 1 an ; /twazɛ/ : 3 è
/katrɛ/ : 4 è ; /nevɛ/ : 9 è ;
/dezɑ̃/ : 2 an ; /dezɔmpɛdi/ : de-z-òm pèdi
/ɑ̃najiti/ : an-n-Ayiti ; /ɑ̃nalmay/ : an-n-Almay
/lɛzɑ̃tij/ : lè-z-Anti ; /ozetazini/ : o-z-Etazini…
Se vre, pèsonn pa mete grafi ofisyèl la an kesyon. Men anpil obsèvatè estime gen nesesite pou refòme osnon ajiste li, pou rann li pi konfòm ak reyalite fonksyònman lang nan. Se nan sans sa a pwogram ToTAL (Tout Timoun Ap Li), yon pwogram ‘USAID’ te finanse nan Ministè Edikasyon Nasyonal te òganize, an 2013, yon atelye refleksyon ak rechèch sou direksyon pwofesè Michel DeGraff (Massachusetts Institute of Technology) sou pwoblèm grafi a nan objektif pou idantifye eleman ki poze pwoblèm yo epi pwopoze bon fason yo dwe ekri yo. Men, patisipan nan atelye sa a pa te rive degaje yon konsansis sou eleman sila yo.
Yon lòt kote, Premye rezolisyon sou òtograf lang kreyòl ayisyen (Akademi kreyòl ayisyen, 2017) pa touche eleman sa yo non plis. An reyalite, Premye rezolisyon Akademi an a pa entèvni sou grafi kreyòl la, men sou alfabè a kote li konfime pwopozisyon ofisyèl 31 janvye 1980 an. Li pa evoke kesyon ki gen pou wè ak sandi yo. Poutan, se la a anje a chita. Se yon dimansyon ki mande yon nivo sofistike nan fonksyònman lengwistik kreyòl ayisyen an. Men, Govain (2020) fè pwopozisyon sou jan yo dwe ekri eleman sa yo ki gen pou wè ak fenomèn sandi a.
Grafi yon lang se yon zouti itilitè ki genyen yon pòte didaktik nou sèvi pou nou reprezante mesaj, esperyans oswa konesans sou fòm ekri. Nou ekri pou nou kominike e nou kominike pou pataje esperyans. Ekriti pèmèt nou bay yon pèp yon seri zouti varye, an patikilye nan domèn literati, ki pèmèt pèp sa a ouvè lespri li sou lakonesans an jeneral, sou espresyon ak manifestasyon lakilti (Hazaël-Massieux, 1993, 2005). Ekriti yon lang fasilite deskripsyon ak analiz li. Se san dout nan sans sa a Émile Benveniste deklare nan Dernières leçons (nan Collège de France) ekriti a, an patikilye, ekriti alfabetik se prensipal enstriman « oto-semyotizasyon » lang nan. Si lang oral la se yon done natirèl, ekriti a se yon konstriksyon ki chita sou yon konvansyon. Grafi yon lang gen rapò dirèk avèk fonoloji li. Chak lang genyen pwòp sistèm ekriti li dapre jan izaje yo konstwi li, paske chak lang genyen yon sistèm fonolojik ki mache ak jan li fonksyone epi ki diferansye li ak fonksyònman nenpòt lòt lang.
Premye nimewo sa a se okazyon pou chèchè ki enterese nan grafi kreyòl ayisyen an fè « pwopozisyon rezone » pou fasilite ekriti tout kalte esperyans nan lang nan. Menm si grafi a se prensipal aks tematik nou kenbe pou nimewo sa a, nou kapab resevwa pwopozisyon kominikasyon ki chita sou non lang nan ki fè objè deba depi Joseph Prophète te pwopoze pou rele kreyòl ayisyen an « ayisyen » nan yon tèks li te pibliye nan jounal Le Nouvelliste 30 oktòb 2009 sou tit « Devrait-on faire le deuil du mot créole ? ». An reyalite, li te deja fè pwopozisyon sa a 5 septanm 2008 nan « Faisons immédiatement le deuil du mot créole un devoir patriotique ». Hugues Saint-Fort te reponn li imedyatman nan menm jounal la nan nimewo ki te parèt 3 novanm 2009 sou tit « Conservons la dénomination "créole" ».
Li enpòtan pou nou kapab konpare pakou grafi kreyòl ayisyen an ak pakou grafi lòt kreyòl nan espas kreyolofòn nan tankou kreyòl gwadloupeyen, dominikè, sechelwa, reyinyónè, morisyen, pa egzanp, epi tire leson ki enpòtan nan dimansyon sa a.
Referans nou site yo
Modalite soumisyon pwopozisyon an
Chak otè ap redije yon pwopozisyon kominikasyon ki ap 35, 000 karaktè maksimòm, referans ak espas ladan (sou fòma Word, Times New Roman, tay 12, entèliy senp) an kreyòl ayisyen. Li va voye li nan adrès XXX an 2 dokiman : yon premye ki genyen non otè a/yo, afilyasyon enstitisyonèl li/yo, adrès li/yo, plis tit pwopozisyon an avèk kò tèks la ; yon dezyèm dokiman kote otè a/yo prezante tit la avèk kò pwopozisyon an sèlman. Otè a/yo dwe presize aks tematik ki konsène kominikasyon an.
Lang piblikasyon an : Kreyòl ayisyen, oswa lòt kreyòl ki soti nan fransè pou otè ki ap pwopoze yon atik sou kreyòl gwadloupeyen, dominikè, reyinyónè, sechelwa oswa morisyen. Si yon kòlèg etranje elabore atik li a an fransè oswa anglè, se pa yon pwoblèm.
Dat kle pou nou kenbe
N.B. : Soumèt maniskri a an de (2) vèsyon: youn anonim e youn ki genyen non ak atach enstitisyonèl otè a (yo) // Maniskri a ap resevwa 2 evalyasyon avèg (anonim).
Prezantasyon maniskri atik yo
Otè yo ap remèt tèks la nan fòma ‘Word’ .doc ou .docx. ak yon mizanpaj minimal. Yo ap idantifye pati ak sou-pati yo (1 ; 1.2 ; 1.2.3, ets.). Li dwe itilize karaktè « Times New Roman », tay 12 pwen, entèliy 1,5.
Atik la dwe genyen yon maksimòm 35 000 karaktè (espas ak rezime pa ladan). Li dwe genyen seksyon sa yo :
. Nan kò tèks la, nou dwe prezante sous bibliyografik yo kon sa : (Non, dat : paj). egzanp : (Burov, 2013 : 23).
. Mete sitasyon ki depase 3 liy yo an retrè a goch epi diminye tay lèt yo a 11 pwen. Pa bliye mete li ant gimè.
. Lè yon sitasyon suiv yon lòt imedyatman epi yo koresponn ak menm sous la e menm paj la, sèlman note (ibid.). Men si y gen menm referans lan epi yo soti nan paj diferan, note (ibid., ##).
Nòt anba paj yo la pou bay presizyon, lè sa vrèman nesesè. Men, evite miltipliye yo.
Referans bibliyografik nan finisman atik la
Tout referans ki site nan tèks la dwe prezante an bibliyografi a (e vise-vèsa). Yo va pran fòm sa yo
Pou liv
Non, P. (dat), Tit liv la, Vil, Edisyon
Egzanp : Bernabé, J. (2013), Prolégomènes à une charte de créoles, Fort-de-France, K-Éditions.
Pou chapit liv
Non, P. (dat), « Tit chapit la ». Nan P. Non (dir.), Tit liv la, Vill Edisyon, ##-##.
Egzanp : Manessy, G. (1992), « Normes endogènes et normes pédagogiques en Afrique noire ». Nan D. Baggioni et al. (dir.), Multilinguisme et développement dans l’espace francophone, Paris, ACCT/Didier Érudition, 43-75.
Pou atik Non, P. (dat), Tit atik la, Non revi a, no, ##-##.
Egzanp : Prudent, L.-F. (1981), Diglossie et interlecte, Langages, 61, 13-38.
Pou tèz Non, P. (dat), Tit tèz la. Tèz doktora ki pa pibliye, Vil, Inivèsite XXX.
Egzanp : Carpooran, A. (2000), Langue(s) et droit(s) en milieu plurilingue : le cas de l’Île Maurice. Tèz doktora kip a pibliye, Èks-an-Pwovans, " Université de Provence".
Pou atik nan laprès Non, P. (dat), « Tit atik la », Tit jounal la, dat piblikasyon, disponib sou : URL.
Egzanp : Paxman, J. (2016), « Non, le français n’est pas une langue d’avenir », lenouveleconomiste.fr 12/04/2016, disponible sur :
http://www.lenouveleconomiste.fr/financial-times/non-le-francais-nest-pas-une-langue-davenir-30448/

- Akademi kreyòl ayisyen (2017), Premye rezolisyon sou òtograf lang kreyòl ayisyen. Disponib sou http://akademikreyol.net/dokiman/rezolisyon.pdf
- André, Nicolas (2013), « Pledman pou yon nòmalizasyon lang kreyòl la nan kad yon amenajman lengwistik : yon akademi lang pa blije fè travay negatif ». Nan Renauld Govain (dir.), Ak Kolòk entènasyonal sou Akademi Kreyòl Ayisyen Akademi Kreyòl Ayisyen : Ki pwoblèm ? Ki avantaj ? Ki defi ? Ki avni ? Port-au-Prince, Éditions de l’UEH, 167-176.
- Bernabé, Jean (2001), La graphie créole, Martinique, Ibis rouge, coll. « Guides du CAPES de Créole ».
- Bernabé, Jean (1983) Fondal Natal. Grammaire basilectale approchée des créoles guadeloupéen et martiniquais, Paris, l’Harmattan.
- Burov, Ivaylo (2012), Les phénomènes de sandhi dans l’espace gallo-roman. Thèse de doctorat, Universités de Sofia « Saint Clément d’Ohrid » et Michel de Montaigne Bordeaux 3.
- DeGraff, Michel (2013), Rezilta atelye sou estanda pou ekri kreyòl nan tèks pou lekòl fondamantal, Pòtoprens, MENFP.
- Dejean, Yves (1980), Comment écrire le créole d’Haïti, Canada, Collectif Paroles.
- Govain, Renauld (2020), « L’orthographe du créole haïtien à l’épreuve du sandhi », dans G. L’Étang, C. Mancé-Caster et R. Confiant (dir.), Les tracées de Jean Bernabé, Paris, Scitep Éditions,175-200.
- Hazaël-Massieux, Marie-Christine (1993), Écrire en créole : oralité et écriture aux Antilles, Paris, L'Harmattan.
- Hazaël-Massieux, Marie-Christine (2005), L'écriture des créoles français au début du 3e millénaire : état de la question. Revue française de linguistique appliquée, vol. x,(1), 77-90.
- Vernet, Pierre (1980), Technique d’écriture du créole haïtien. Port-au-Prince, Le Natal.
- Zefi, Lemèt (2017), « Kritè fòmèl pou n kole mo, dekole mo an kreyòl ayisyen ». Nan R. Govain (dir.), Le créole haïtien : description et analyse, Paris, L’Harmattan, 95-118.
Modalite soumisyon pwopozisyon an
Chak otè ap redije yon pwopozisyon kominikasyon ki ap 35, 000 karaktè maksimòm, referans ak espas ladan (sou fòma Word, Times New Roman, tay 12, entèliy senp) an kreyòl ayisyen. Li va voye li nan adrès XXX an 2 dokiman : yon premye ki genyen non otè a/yo, afilyasyon enstitisyonèl li/yo, adrès li/yo, plis tit pwopozisyon an avèk kò tèks la ; yon dezyèm dokiman kote otè a/yo prezante tit la avèk kò pwopozisyon an sèlman. Otè a/yo dwe presize aks tematik ki konsène kominikasyon an.
Lang piblikasyon an : Kreyòl ayisyen, oswa lòt kreyòl ki soti nan fransè pou otè ki ap pwopoze yon atik sou kreyòl gwadloupeyen, dominikè, reyinyónè, sechelwa oswa morisyen. Si yon kòlèg etranje elabore atik li a an fransè oswa anglè, se pa yon pwoblèm.
Dat kle pou nou kenbe
- 15 avril 2022 : Pwopozisyon atik la bay sekretarya revi a
- 30 me 2022 : Sekretarya a retounen atik la bay otè a (yo) avèk avi motive evalyatè yo
- 30 jen 2022 : Otè ki asepte yo ap retounen vèsyon definitif la bay sekretarya a
- Finisman septanm 2022 : Enpresyon nimewo a
N.B. : Soumèt maniskri a an de (2) vèsyon: youn anonim e youn ki genyen non ak atach enstitisyonèl otè a (yo) // Maniskri a ap resevwa 2 evalyasyon avèg (anonim).
Prezantasyon maniskri atik yo
Otè yo ap remèt tèks la nan fòma ‘Word’ .doc ou .docx. ak yon mizanpaj minimal. Yo ap idantifye pati ak sou-pati yo (1 ; 1.2 ; 1.2.3, ets.). Li dwe itilize karaktè « Times New Roman », tay 12 pwen, entèliy 1,5.
Atik la dwe genyen yon maksimòm 35 000 karaktè (espas ak rezime pa ladan). Li dwe genyen seksyon sa yo :
- Yon tit : 15 – 20 mo maksimòm
- Non otè a (yo) ak afilyasyon li (yo)
- Rezime nan kréyòl tèks la ekri a, an anglè, an fransé. Rezime a pa dwe depase 1,500 siy)
- Mo kle : 5 maksimòm
- Entwodiksyon
- Kò atik la.
. Nan kò tèks la, nou dwe prezante sous bibliyografik yo kon sa : (Non, dat : paj). egzanp : (Burov, 2013 : 23).
. Mete sitasyon ki depase 3 liy yo an retrè a goch epi diminye tay lèt yo a 11 pwen. Pa bliye mete li ant gimè.
. Lè yon sitasyon suiv yon lòt imedyatman epi yo koresponn ak menm sous la e menm paj la, sèlman note (ibid.). Men si y gen menm referans lan epi yo soti nan paj diferan, note (ibid., ##).
Nòt anba paj yo la pou bay presizyon, lè sa vrèman nesesè. Men, evite miltipliye yo.
- Konklizyon
- Referans bibliyografik