RECHÈCH ETID KREYÒL
  • Akèy
    • Avan Koze
  • Apèl
    • Apèl Nimewo 1
    • Apèl Nimewo 2
    • Apèl Nimewo 3
  • Subscribe | Abòne
    • Buy this Issue | Achte Nimewo a
  • Videyo | Foto
  • Kontak
  • Seksyon abòne
    • Revi - Nimewo 1, Vol 1 >
      • REVI - Nimewo I - Vol I
    • Hugues Saint-Fort >
      • Hugues Saint-Fort
    • Paul M., Dorcé F. & Petit-Frère >
      • Paul M., Dorcé F. & Petit-Frère
    • Iv Dejan (†)
    • Gregory Rabess >
      • Gregory Rabess
    • Laurence Daleau-Gauvin >
      • Laurence Daleau-Gauvin
    • Carpooran, A. & Maury, Y. >
      • Carpooran, A. & Maury, Y.
    • Govain, Renauld >
      • Govain, Renauld
  • Gourdet, Frantz
    • Gourdet, Frantz
  • Vel, A. & Lespoir, R.
    • Vel, A. & Lespoir, R.
  • Revi - Nimewo 1, Vol 2
    • Guerlande Bien-Aimé & Carter Charles
    • Max Belaise & Bernadine Carrot-Brival
    • Michel DEGRAFF
    • Govain, Paul, Emmanuel
    • Michel & Cassamajor
    • Joseph Marcel Georges
    • Emilio Travieso
Brase lide sou pwojè « estandadizasyon » ekriti kreyòl la - pou n kore edikasyon ak devlopman ann Ayiti e pou n ede Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) nan misyon li​

Michel DeGraff
MIT Linguistics & Philosophy | Inisyativ MIT-Ayiti | Akademi Kreyòl Ayisyen


https://doi.org/10.57222.KAVP3873


Rezime : Atik sa a se pou n eseye konprann orijin, lojik ak objektif dènye pwojè AKA sou grafi kreyòl la — nan sousi pou n analize enpak pwojè sa a ka genyen sou edikasyon ak devlopman nan peyi a. Lane pase (2022), kèk Akademisyen nan AKA te pataje — sou imel ak WhatsApp — vèsyon preliminè yon pwojè rezolisyon sou estandadizasyon ekriti kreyòl la. Pwopozisyon sa yo pa ko finalize pou piblikasyon ; men, yo deja ap sikile, alawonn Badè, pami pwofesè kreyòl ak lòt konpatriyòt ki enterese nan grafi lang nasyonal la. Menm gen echantiyon materyèl nan inisyativ « Liv Inik » an kreyòl nan Ministè Edikasyon Nasyonal (Césaire 2022) ki deja ap entegre sèten nan nouvo pwopozisyon sa yo — tankou adopsyon yon nouvo grafèm <u> nan alfabè kreyòl la. Nou menm jwenn grafèm <u> sa a, ki pa egziste nan grafi ofisyèl kreyòl la, nan mesaj Prezidan AKA sou rezo sosyal tankou WhatsApp kote l ap ekri « nuaj » ak « ponktuasyon » nan plas « nyaj » ak « ponktyasyon ». Epi, tou, Komisyon Syantifik AKA pataje pwopozisyon sa yo pou Akademisyen yo ka jwenn fidbak sou yo. Se rezon sa yo, avèk kèk lòt ankò, ki motive atik sa a pou m pataje refleksyon pa m pami lengwis, edikatè, ekriven, aktivis ak lòt konpatriyòt ki angaje nan mouvman kreyòl la e k ap feraye nan ede tabli fondasyon solid pou lekòl tèt an wo. Nan atik sa a, mwen pral analize pwoblèm nan metodoloji ak nan analiz lengwistik ki nan pwopozisyon sa yo. Kòm Komisyon Syantifik AKA deklare pwojè « estandadizasyon » sa a se pou rezoud « difikilte » ki nan alfabè kreyòl la, atik sa a pral mande kote « difikilte » sa yo soti. Epi, tou, nou pral mande si pwopozisyon AKA yo ka vreman rezoud « difikilte » sa yo.
 
Mo kle : grafi ; alfabè ; sentaks ; mòfoloji ; fonoloji ; alomòfi ; resilabifikasyon ; sandi
​

Aksè pou abone

  • Akèy
    • Avan Koze
  • Apèl
    • Apèl Nimewo 1
    • Apèl Nimewo 2
    • Apèl Nimewo 3
  • Subscribe | Abòne
    • Buy this Issue | Achte Nimewo a
  • Videyo | Foto
  • Kontak
  • Seksyon abòne
    • Revi - Nimewo 1, Vol 1 >
      • REVI - Nimewo I - Vol I
    • Hugues Saint-Fort >
      • Hugues Saint-Fort
    • Paul M., Dorcé F. & Petit-Frère >
      • Paul M., Dorcé F. & Petit-Frère
    • Iv Dejan (†)
    • Gregory Rabess >
      • Gregory Rabess
    • Laurence Daleau-Gauvin >
      • Laurence Daleau-Gauvin
    • Carpooran, A. & Maury, Y. >
      • Carpooran, A. & Maury, Y.
    • Govain, Renauld >
      • Govain, Renauld
  • Gourdet, Frantz
    • Gourdet, Frantz
  • Vel, A. & Lespoir, R.
    • Vel, A. & Lespoir, R.
  • Revi - Nimewo 1, Vol 2
    • Guerlande Bien-Aimé & Carter Charles
    • Max Belaise & Bernadine Carrot-Brival
    • Michel DEGRAFF
    • Govain, Paul, Emmanuel
    • Michel & Cassamajor
    • Joseph Marcel Georges
    • Emilio Travieso