Avan-koze
Rechèch Etid Kreyòl :Yon zouti pou devlòpman konseptyèl kreyòl yo
Renauld Govain
Laboratwa Lanng, Sosyete, Edikasyon (LangSE)
Fakilte Lengwistik Aplike – Inivèsite Leta Ayiti
renauld.govain@ueh.edu.ht
Anpil moun pa sispann fredone yon refren ki fè konnen kreyòl pa kapab fè lasyans paske li pa genyen konsèp, zouti espesifik ki pèmèt nou esprime nenpòt reyalite syantifik. Sa se yon pawòl nou abitye tande oswa li depi lontan. Moun lontan ki te konn di, repete oswa ekri koze sa a pa te toujou fè sa ak movèz fwa. Yo te baze sou sa yo te obsève nan fonksyònman lanng[1] nan apre yo fin konpare li avèk lòt lanng, prensipalman sila a ki sèvi pou leksifye li, sètadi ba li pi gwo pati vokabilè li, san poze tèt yo kesyon sou sa yon konsèp ye. Pa bliye, jeneralman, kreyòl yo pataje menm kominote avèk lanng ki sèvi pou leksifye yo a, esepte nan ka Sent-Lisi oswa Ladominik kote yo pratike yon kreyòl majorite vokabilè li soti nan fransè men yo pataje kominote lengwistik la avèk anglè kòm lanng ofisyèl. Angletè avèk Lafrans ki te kolonize de zile sa yo te souvan batay pou posesyon yo. Pa egzanp, yo batay 14 fwa pou posesyon Sent-Lisi, Angletè genyen dènye batay la epi Lafrans pa estime li ijan pou li kontinye lite pou sa, li kite li nan men Angletè. Nou dwe sonje tou, nan peryòd sa yo (XVIIIèm – XIXèm syèk), kreyòl yo pa te ko antre nan sa antwopològ yo rele tradisyon ekri a. Yo te esansyèlman chita sou tradisyon oral, menm jan avèk tout lanng anvan revolisyon endistriyèl la, an patikilye anvan envansyon enprimri nan finisman premye mwatye XVèm syèk la. Anvan envansyon ekriti, tout lanng ki te deja egziste yo t ap benyen nan tradisyon oral. Lè yo vin envante ekriti, genyen ki pral antre epi pran plas yo nan tradisyon ekri a pi vit pase lòt.
Pami moun ki te pale sou koze sa a nou kapab site Auguste de Saint-Quentin ki te evolye nan peryòd XIXèm syèk la. Pou li menm, kreyòl pa te diy pou pèsonn ta panse li kapab yon zouti pou esprime lasyans paske, pou li, se adaptasyon lanng ewopeyen kote yon ras moun ki enferyè ap eseye pale lanng sa yo men yo pa rive repwodui egzakteman sa yo tande Ewopeyen yo pwodui vre (ref. : DeGraff, 2021). A. Tabouret-Keller (1979 : 277) raple nou Auguste de Saint-Quentin te wè nan kreyòl yo yon « langaj etranj... fèmen, (…), nan mitan moun ki gen pou wè ak babari toujou, (…), se yon pwodui bridsoukou, ki alafwa brit e enkonsyan, ki soti nan lespri moun ki pa genyen okenn kilti entelektyèl… ». A. Valdman (1978: 11) raple sans anpil moun ta pral bay mo kreyòl la nan istwa li, sitou pou sa ki konsène sans lengwistik li. Yo pral wè kreyòl la tankou yon « lanng ewopeyen ki kowonpi nan bouch Nwa yo ak Blan "kreyòl" yo nan rapò yo avèk Nwa yo ».
Genyen moun ki panse kreyòl pa ka esprime lasyans san yo pa genyen lide negatif oswa diskou yo pa chita sou okenn ideyoloji negatif sou fonksyònman lanng nan. Pafwa pozisyon sa a yo esprime a se espresyon limit konpreyansyon yo sou sa yon lanng ye. Nan sans sa a, nou ta gendwa konsidere yon pasaj nan L.G. Tippenhauer (1893)[2] ki endike kreyòl ayisyen an posede yon vokabilè ki pòv; li pa genyen nosyon abstrè ki nesesè pou esprime lasyans; ou pa prèske jwenn mo pou esprime atizay (« l’art »), lasyans oswa endistri. Konklizyon : li difisil pou moun esprime lasyans nan yon lanng ki konseptyèlman pòv kon sa. Nan kòmansman ane 1890 yo, lengwistik pa te ko yon syans ki devlope nan nivo nou konnen jodi a; yon moun, si li pa kiltive yon kiryozite pèsonèl, pa fasilman konnen tout lanng genyen nan fonksyònman entèn li kapasite pou li esprime tout kalite konsèp. Kapasite espresyon konsèp yo natirèl non sèlman nan fonksyònman entèn lanng nan, men tou nan sistèm langajye lokitè a ki pèmèt li reflechi, reprezante, esprime, esplike, kominike…
Nan yon entèvyou li bay jounal Haïti en marche ki parèt jou ki te 11 mas 1998, Jean Métellus (†) – ki te newològ, lengwis e ekriven – te panse yo ka fè pwezi an kreyòl men pa lasyans : « avèk kreyòl la nou kapab fè anpil bagay, men nou pa kapab fè fizik, nou pa kapab fè chimi, nou pa kapab fè matematik, nou pa kapab fè ni medsin, ni byoloji » (se mwen ki tradui sitasyon sa a ki te an fransè). Pi pre nou la a, nan refleksyon li sou itilizasyon kreyòl ayisyen an nan domèn pwezi ak literati, an patikilye jan li fè lanng nan travay nan domèn sa a, Georges Castera ekri nan premye nimewo revi Réflexions pour l’avenir ki te parèt nan Ministè Kilti ak Kominikasyon nan dat 7 avril 2005 : « Jis nan moman sa yo, kreyòl la te sèvi pi souvan pou difize lide òdinè epi obskirantis… » (se mwen ki tradui sitasyon sa a ki te an fransè).
Si nou konsidere deklarasyon sa yo ki soti nan diskou epilengwistik moun yo pa chita sou ideyoloji negatif kote otè deklarasyon yo vle devalorize kreyòl la (esepte sitasyon Auguste de Saint-Quentin an), nou dwe rekonèt kesyon absans konsèp nan lanng nan se yon fo pwobèm. Pa gen lanng ki akonseptyèl epi, jan sa diskite nan R. Govain (2021), konsèp yo se tankou eleman pas-patou yo ye nan lanng yo. Lanng ki ap esprime lasyans kounye a yo pa te fèt avèk tout kalte konsèp yo sèvi pou esprime lasyans yo. Menm jan an tou, tout lanng fòseman genyen yon mo pou esprime yon reyalite vènakilè tankou dlo / manje, dòmi / reveye, fèt / mouri, jou / nuit, mache / chita, lapli / solèy, e latriye, paske se yon seri reyalite ki genyen yon valè inivèsèl nou rankontre nan tout kilti ki travèse monn nan.
Li petèt enpòtan pou nou raple yon konsèp se yon mo espesifik ki pèmèt nou reprezante yon lide abstrè nou pa toujou kapab obsève epi konprann avèk ògán sans nou. Se yon mo teknik ki reprezante yon esperyans ki souvan chita nan yon domèn syantifik espesifik. Mo vènakilè yo pa esprime lasyans paske yo gen anpil limit semantik : yo souvan esprime sa ki imedyatman obsèvab, sètadi sa nou kapab obsève fasilman avèk ògán sans nou epi yo souvan polisemik. Tandiske konsèp yo souvan monosemik, menm si yo kapab konsène plizyè disiplin syantifik alafwa, men, nan chak disiplin sa yo, jeneralman yo gen yon sèl sans. Mo a se yon etikèt leksikal lanng nan mete a dispozisyon nou pou nou kominike, tandiske konsèp la (nou ka rele mo syantifik tou) se yon tèm ki konsène yon domèn syantifik oswa teknik espesifik : « Yon mo syantifik oswa teknik se yon mo ki pwòp a yon kominote espesifik, yon kominote oubyen yon kòporasyon metye »[3](Martin, 2007 : 29).
Men, agiman ki pi enpòtan nan definisyon konsèp la ki otorize mwen konsidere swadizan absans konsèp nan kreyòl yo kòm yon fo pwoblèm, se karaktè transvèsal yo. Transvèsalite konsèp la fè li transpòtab soti nan yon lanng rive nan yon lòt avèk menm valè semantik li. Gras ak transvèsalite sa a, lanng yo prete konsèp yo nan yon lanng orijinèl (menm si pretay la konn fèt nan yon lanng ki li menm te deja prete konsèp la nan yon lòt lanng). Se sa ki fè nou wè konsèp yo pataje apreprè menm siyifyan e menm siyifye nan anpil lanng, avèk adaptasyon fonolojik lè sa nesesè (sitou si sistèm fonolojik lanng ki resevwa konsèp la lwen pa lanng kote konsèp la soti a). Nou kapab gade nan R. Govain (2021) pou plis detay pou deba sa a.
Apre li fin byen dekri epi analize diskou epilengwistik negatif sou kreyòl la epi ki pozitif sou fransè an Ayiti, Tontongi (2007) panse meyè fason pou nou demanti otè kalte diskou sa yo se pou nou envesti lanng nan nan espresyon tout kalte diskou nan tout kalte disiplin syantifik yon fason pou nou abitye li ak kalte espresyon sa yo, kon sa konsèp va ateri nan lanng nan. Y. Joseph (1989) ale nan menm sans lan. Li kwè kreyòl la gen kapasite pou li esprime tout kalite konesans. Men, kondisyon an, se fè lanng nan travay pou sa. Nan lide sa a, li pwopoze pou yo kreye yon komisyon tèminoloji teknik ak syantifik ki bay tèt li objektif envantorye lakin kreyòl la, men sitou fè pwopozisyon ak entèvansyon ki klè nan kreye mo, nan itilizasyon yo nan reyalite ki nouvo epi ki chita nan domèn syantifik ak teknik.
Bò kote pa nou, nou pa panse lanng nan gen lakin. Chak lanng genyen yon domèn espesifik kote zouti li mete a dispozisyon lokitè li yo parèt fèb pou pèmèt yo kominike tout kalite esperyans. Lè yon moun pale, nan sans sa a, de lakin yon lanng, li fè sa apre li fin konpare lanng li di ki genyen lakin nan avèk lòt lanng ki genyen anpil tan depi yo ap esprime tout kalite reyalite syantifik. Petèt tou yo pa konsyan konsèp yo pa soti nan syèl pou yo tonbe nan lanng yo : se travay pou yo fè lanng nan travay pou konsèp yo vin egziste ladan.
Rechèch Etid Kreyòl, se yon inisyativ laboratwa rechèch Lanng, Sosyete, Edikasyon (LangSE) ki baze nan Fakilte Lengwistik Aplike, Inivèsite Leta Ayiti, an kolaborasyon avèk JEBCA Editions, de enstitisyon ki ap batay pou kreyòl ayisyen an rive jwenn plas li merite nan kominote ayisyen an.
Referans
DeGraff, M. (2021), « Rèv Yves Dejean, rèv mwen, rèv ou, rèv nou : " … pou solèy ledikasyon rive klere an kreyòl … "», nan R. Govain (dir.), Langues créoles : description, analyse, didactisation et automatisation. Hommage à Yves Dejean et à Pierre Vernet, Montpellier, Presses universitaires de la Méditerranée, 177-201.
Govain, R. (2021), De l’expression vernaculaire à l’élaboration scientifique : le créole haïtien à l’épreuve des représentations méta-épilinguistiques. Revue Contextes et Didactiques. Émois épilinguistiques et raisonnements métalinguistiques dans les discours sur les créoles français. https://journals.openedition.org/ced/2723
Joseph Y. (1989), « Le créole dans les sciences : problèmes et perspectives », nan Hommages au Docteur Pradel Pompilus, Port-au-Prince, Centre de Linguistique Appliquée, Université d’État d’Haïti, 17-36.
Tabouret-Keller, A. (1979), Origine et simplicité : des langues créoles au langage des enfants. Enfance, tome 32, n°3-4, 269-292.
Tontongi (2007), Critique de la francophonie haïtienne, Paris, L’Harmattan.
Valdman, A. (1978), Le créole : structure, statut et origine, Paris, Klincksieck.
[1] Nou ap jwenn nan dènye atik volim sa a rezon ki fè se kon sa nou dwe ekri mo sa a ak lòt ki konstwi menm jan avèk li.
[2] Mwen pwofite swete anpil Ayisyen rive li vèsyon fransè liv sa a ki pa dwe tann twò lontan pou li parèt. Vèsyon orijinal la pibliye an alman. Mwen remèsye kòlèg Carole Sassine ki te fasilite mwen li pati ki konsène kreyòl ayisyen an, paske se yon liv ki volimine, sètadi ki genyen anpil paj.
[3] Se mwen menm ki tradui sitasyon sa a soti nan fransè rive nan kreyòl ayisyen.