Entwodiksyon editoryal
Guerlande Bien-Aimé, Inivèsite Leta Ayiti
Carter Charles, Brigham Young University
https://doi.org/10.57222/UIAW5494
Nou pa bezwen chèche lontan nan espas kreyolofòn ki gen baz fransè yo pou nou konstate yon paradòks : se menm otorite ki vle espas kreyolofòn yo develope ki reprime ak toufounen kreyòl, demounize timoun tou, pandan y ap favorize fransè. Selon sa Franck Fouche (1915-1978) te fè remake nan powèm « Jou va jouvini », moun sa yo pote paradòks la pi lwen ankò lè yo preche pandan plizyè jenerasyon kreyòl, lang ki pa te ko antre nan ansèyman nan peryòd la, « fèt pou ‘neg’ sot’ ki pa konn li ak ekri ».
Si nou fè yon bilan evolisyon sistèm eskolè Ayiti a, nou ka wè klè kesyon lang lan ap poze lontan. Kòm egzanp, nou ta kapab konsidere konsta F. Doret te fè nan ane 1927, kote li t ap esprime lapenn li genyen pou ti Ayisyen yo ki pral resite yon bann fraz gramè fransè sou pretèks pwofesè yo aprann yo pale fransè alòske yo pa menm prepare elèv yo pou yo konprann fraz yo (Chaudenson & Vernet, 1983). Nan menm lide sa a, Tardieu (1990) repran yon rapò Bank mondyal pwodui an 1982 apre ankèt yo mennen ant 1972 ak 1974 an Ayiti. Rezilta ankèt sa yo prezante yon dyagnostik akablan kote sistèm edikatif peyi a t ap viv anpil pwoblèm nan epòk sa a. Rapò a te chita sou done kantitatif ak kalitatif. San dout, se konsta sa yo ki pral pouse Ministè edikasyon nasyonal reyaji pandan li lanse yon seri deba epi poze kèk aksyon sou wòl lang kreyòl la nan edikasyon ak devlopman. Deba avèk aksyon sa yo pral debouche sou refòm edikatif 1979 la anba lidèchip minis Joseph C. Bernard. Nan yon diskou minis Bernard te fè le 23 avril 1979, li te mete aksan sou enpòtans edikasyon pou pwosesis devlopman nan yon peyi.
Nan sans sa a, refòm 1979 la te vize objektif pratik ki ale nan sans devlopman elèv yo epi nan devlopman peyi a tou. Men, menm si objektif sa yo parèt pètinan, kèk otè montre dout yo sou posiblite pou objektif sa yo ta mennen nan devlopman tout bon.
An reyalite, malgre tout fay ak feblès refòm nan, li amelyore esperyans lengwistik yo nan sistèm edikatif la. Men, anplis aspè politik, ekonomik, avèk reprezantasyon sosyal de lang yo ki yon dezavantaj enpòtan nan etablisman yon planifikasyon ki ka debouche sou yon politik lengwenstik efikas nan ledikasyon, kafouyaj ki kontinye fèt sou fonksyon de lang yo nan lekòl yo rete yon gwo pwoblèm. Jesyon pedagojik ak didaktik de lang yo toujou ap fèt avèk anpil maladrès oswa « jan l pase l pase ». Kourikoulòm lekòl fondamantal la prezante distribisyon tan ansèyman de lang yo ; men manke yon atikilasyon klè ki montre pa egzanp kòman aprantisaj matyè ki pa lengwistik yo fèt nan tou de lang yo. Edikasyon bileng an Ayiti ta dwe chita sou yon chwa ki pa depaman ak sitiyasyon sosyolengwistik peyi a epi ak parantay de lang yo pou fasilite reyisit yon pi gwo kantite elèv nan tout kouch sosyal. Sa mande pou Leta montre li fèm, pou tout aktè sistèm nan respekte tout egzijans li fikse yo. Se nan sans sa a Wolf (2009) fè nou konnen nou pa kapab rive atenn objektif yon sistèm edikatif ki chita sou bezwen reyèl peyi a san Leta. Leta dwe egzèse yon lidèchip ki pèfòman, ki apiye sou politik ki gen jèvrin, ak yon angajman pou tabli yon edikasyon ki efikas.
Pledwaye pou kreyòl antre nan lekòl epi patisipe nan edikasyon elèv yo oswa nan devlopman kominote kreyolofòn yo pa fèt an Ayiti sèlman. Nou jwenn li nan lòt kominote kote yon kreyòl ap kotwaye lòt lang tankou fransè. Se egzanp zile Lareyinyon Si Moussa (2013) etidye, Giyàn yon otè tankou Leglise (2004, 2007) avèk Alby (2001, 2007) etidye oswa tou ka Matinik ak Gwadloup Kremnitz (1983) ak Durizot Jno-Baptiste (1996) analize. Nimewo sa a pa pretann transpoze eskperyans yo fè nan kontèks sa yo nan kontèks ayisyen an, men nou sèten eksperyans sa yo ta ka sèvi enspirasyon nan etablisman yon domèn didaktik espesifik.
Pou nou kontinye montre bon lide nan tout espas kreyolofòn nan, se nan zile Gwadloup nou pran egzanp aplikasyon konkrè kreyòl la nan devlopman ekonomik. Yon chèchè osinon touris ki ap reflechi sou enpòtans lang kreyòl la ka sezi epi rejwi an menm tan lè li vizite sant komèsyal « Carrefour Milenis », nan vil Abim (Les Abymes). Rezon sezisman ak rejwisans la se nan fason magazen sa a, ki fè pati yon gwo gwoup fransè, valorize kreyòl la nan estrateji komèsyal li : yo afiche non pwodui magazen an nan lang kreyòl ak fransè. Jan kèk foto nou te pran (Figi 1 ; Figi 2) montre a, magazen an antre nan yon estrateji « lokalizasyon » delibere, san kach kach, kote li mete kreyòl la an premye, anwo, byen gwo pou tout moun wè ; epi li mete lang fransè a anba kreyòl la, nan yon grafi ki pi piti.
Figi 1 - Foto Carter Charles, 29 avril 2023
Figi 2 - Foto Carter Charles, 29 avril 2023
Konsèp lokalizasyon an itilize pou pale de antrepriz ak enstitisyon ki ap enplante yo nan yon lòt peyi osinon ki ap ekspòte sa yo pwodui ki pran an kont reyalite sosyal, ekonomik ak kiltirèl zòn nan. Yon antrepriz gen dwa menm adapte kòd grafik li pou fè grafi a koresponn ak « koulè » osinon peyizaj lokal la. Nou wè sa nan logo magazen an : yo ajoute de pye kokoye ki vin fè logo « Carrefour » a sanble a yon zile pou li koresponn plis ankò ak reyalite jeografik ak twopikal Gwadloup la.
Se pa tout magazen ki bay kreyòl la jarèt kon sa. Magazen nan menm gwoup la, tankou « Carrefour » nan sant komèsyal Dillon, nan Matinik, annik ekri sou resi yo bay kliyan yo : « Bienvenue - kontan we zot - Welcome » sou menm liy ak plan grafik.
Li pa yon gwo bagay, men sa montre magazen an louvri bra li pou li akeyi moun ki pa alèz nan fransè a oubyen ki pa pale ni fransè ni anglè. Yon patwon magazen gen dwa panse gen plis Gwadloupeyen ak Matiniken ki gen mwayen pou yo achte paske nivo ekonomik yo a pi wo, epi paske gen yon pi gwo pousantaj ladan yo ki ale lwen nan etid yo. Se vre. An menm tan, se pa sèlman nivo edikasyon kliyan yon estrateji komèsyal sitwayen pran an kont. Dayè, se pa tout moun nan zile Gwadloup ak Matinik ki te chita lontan sou ban lekòl. Epi, fò nou pa bliye tou, menm jan avèk anpil entèlektyèl Ayisyen, gen anpil Gwadloupeyen ak Matiniken ki te chita lontan sou ban lekòl ki vle fè lang manman yo a soti nan fè nwa pou li pran plas li merite devan de grenn je tout moun. Pou moun sa yo, peryòd sa a fini kote lang kreyòl ak moun ki pale kreyòl la te etranje lakay yo. Menm jan Aimé Césaire te ekri :
« Et à moi mes danses
mes danses de mauvais nègre
à moi mes danses
la danse brise-carcan
la danse saute-prison
la danse il-est-beau-et-bon-et-légitime-d’être-nègre » (Césaire, 1983), entèlektyèl sa yo leve kanpe kote y ap deklare « li bèl, li bon, e li lejitim pou moun pale kreyòl ». Kidonk, jou a kaba kote pale kreyòl te vle di kannannan oubyen ti malere ki pa gen plas yo nan sosyete.
Se pa sèlman moun magazen « Carrefour » Dillon anbrase lè li ekri « kontan we zot ». Lè li itilize kreyòl la, li montre li pa wont anbrase kreyòl la lakay li. Pou nou ale pi lwen, nou ka di se yon demach ki gen anpil konsekans sikolojik pozitif : pa egzanp, magazen ki anbrase kreyòl mounize moun, espesyalman jèn yo. Ki vle di, yo fè yon aksyon ekonomik sitwayen, yon aksyon ki pedagojik tou kote yo fè chak moun konprann yo pa dwe gen konplèks pa rapò ak lang manman yo. Epi, magazen sa yo fè kreyolofòn konprann yo gen menm dwa ak sila yo ki pale fransè ak anglè si yo vle achte bon pwodui nan bon magazen. Yon moun ki devlope aspirasyon kon sa gen dwa pa gen lajan, men envitasyon magazen an ap ankouraje l pou li travay di pou fè lajan pou li achte. Lè moun nan fè sa, se tout aktè yo - kit se magazen, kit se moun nan, kit se ekonomi peyi a - ki monte pi wo.
Men, gen anpil lòt defi lengwistik ki rete pou leve apre aksyon ekonomik sitwayen gwo magazen yo. Nan atik « Valè a tipawol pou lévé timoun atè Gwadloup », Max Belaise pwopoze nou yon bon egzanp kote li analize wòl ak fonksyon paremi nan lang manman an, menm nan sans literal mo « manman » an, nan konstriksyon idantitè ak transmisyon entèjenerasyonèl.
Youn nan lòt pi gwo defi ki rete, pa egzanp nan domèn edikasyon, se estandadizasyon lang manman an, espesyalman nan ka Ayiti. An plis jefò ki deja fèt nan domèn sa a, nou di « ochan ! » pou Akademi Kreyòl Ayisyen epi pou tout moun ki ap travay pou wè sa ki posib pou nou monte pi wo ankò. Se nan lespri monte pi wo sa a lengwis Michel DeGraff pwopoze yon analiz kote li atire atansyon sou enpak negatif yon pwojè estandadizasyon wòwòt ka genyen sou edikasyon ak devlopman. Men se pa sèlman yon estandizasyon lengwistik byen rèk yon peyi bezwen. Li bezwen mete anseyan ki byen fòme devan pitit li yo, kit pitit sa yo rete lavil, kit yo nan pwovens. Ki jan peyi a ka akonpli gwo objektif sa a si, an plis kriz lengwistik, li toujou ap travèse yon latriye kriz sosyoekonomik ak politik ki fè anpil nan sèvo peyi a oblije mete pye yo deyò ? Se sou zafè kriz sa yo avèk konsekans yo sou plizyè domèn nan edikasyon (ansèyman ak aprantisaj, literasi) ak devlopman Ayiti, Renauld Govain, Bénédique Paul ak Evens Emmanuel ekri. Refleksyon yo fè a louvri je sou ijans pou responsab politik yo fè sa ki nesesè pou yo estabilize peyi a.
Estabilizasyon sosyal ak politik ka jete baz pou devlopman, men devlopman an bezwen aksyon kolektif pou li pa mouri nan wout. Nan domèn edikasyon, atik Michelet Michel ak Francky-Love Cassamajor a kontinye avèk tèm literasi a kote yo montre ki jan yon literasi an kreyòl ka ede kore kesyon edikasyon inifye, egalite chans, epi nan zafè metriz konesans. Atik Joseph Marcel Georges la abòde tou kesyon literasi a ; men li montre sitou kòman lekti ki pran rasin nan reyalite elèv yo ka bay tout yon peyi jèvrin pandan l ap vanse sou chimen devlopman.
Dezyèm nimewo sa a prezante yon atik nan kategori « varya » nou ta rezime avèk pwovèb adapte sa a : « kreyòl pale, kreyòl pa ale ». Nou pwopoze nouvo pwovèb sa a paske avèk ipotèz atik la poze, otè li, Emilio Travieso, bay okazyon pou konstate, yon fwa ankò, sou ki fòm lang manman an rete avèk yon moun menm lè moun nan ta ale viv nan yon lòt peyi : lang manman an gen dwa makònen avèk yon lòt lang tankou panyòl pou li afekte jiska fason moun sa a pale panyòl la.
Pandan n ap di sa a, kòdinasyon nimewo sa a fè nou wè menm si « kreyòl pale kreyòl konprann », gen varyasyon nan chak kreyòl. Sa gen avantaj ak enkonvenyan. Men, olye nou mete baboukèt sou lide ak plim otè yo pandan travay ap fèt sou yon estanda, nou prefere fè chimen avèk sa nou genyen. Sa vin fè de otè ki pibliye nan nimewo sa a gen dwa pa ekri yon mo menm jan : gen otè ki ekri « an Ayiti » ; genyen ki ekri « ann Ayiti » ; epi, gen kèk fwa, toulede ekriti yo valab tankou nan ekriti « kon sa » epi « konsa ». Sa vle di, òtograf otè yo itilize kòresponn a chwa yo. Kidonk, òtograf sa yo pa reprezante ni pozisyon editoryal revi Rechèch Etid Kreyòl ni pozisyon JEBCA Editions.
Nou remèsye tout moun ki te pran tan pou yo reflechi epi pwopoze yon atik pou nimewo sa a. An plis remèsiman nou, nou felisite kòlèg ki pibliye nan nimewo sa a pou pasyans yo. Nou apresye dilijans yo tout te fè menm si pafwa nou te mete yo brid sou kou a koz kalandriye nimewo a. Nou apresye lespri dyalòg, koutwazi ak kolejyalite ki te pran plas yo nan rale mennen vini nan faz evalyasyon atik yo, espesyalman kote plizyè otè te akspete rankontre nou nan yon bout wout pandan nou te fè menm demach sa a pou nou avanse nan enterè kreyòl yo ak enterè lekòl ak devlopman. Nou ta swete kalite jefò sa yo kontinye non sèlman pou lòt nimewo revi a men nan tout espas kote moun ap brase lide sou plas ak avni lang kreyòl yo.
Nou espere kòlèg ki te pwopoze atik ki pa koresponn ak tematik nimewo sa a pa dekouraje. Revi a fèk kòmanse : li toujou ap tann pwopozisyon pou lòt nimewo. Lang kreyòl yo toujou la, espas kreyolofòn yo toujou la ak moun ki ap viv ladan yo : yo merite atansyon ak lide pratik nou pou nou tout ka vanse. Nou remèsye evalyatè yo pou tan ak konsèy yo te ba nou ki te gide desizyon final ki abouti a piblikasyon sa a. Non yo pa parèt okenn kote men yo se youn nan pyès mètrès mekanik pwodiksyon syantifik la : san evalyatè, pa gen travay entèlektyèl, pa gen piblikasyon. Donk, mèsi kòlèg pou patisipasyon nou nan konbit la !
Nou remèsye Renauld Govain, dwayen fakilte lengwistik Aplike Inivèsite Leta Ayiti nan Pòtoprens, fondatè epi direktè piblikasyon revi Rechèch Etid Kreyòl, pou envitasyon li te lanse nou pou nou te fè kòdinasyon nimewo sa a : mèsi, dwayen pou konfyans ou ak onè pou nou patisipe nan travay sa a kote nou ap poze baz pou demen !
Nou remèsye kòm sa dwa ekip seretarya revi a avèk JEBCA Editions pou travay teknik ki rive mete nimewo sa a sou aparèy elektwonik ak nan men moun ak enstitisyon ki bezwen li atik yo.
Nou espere tout moun ap pran plezi pandan yo ap li nimewo sa a. Men, sa nou swete plis ankò se pou lekti a motive chak moun, kèlkeswa fonksyon ak wòl li, kit se etidyan, pwofesè, politisyen, entèlektyèl, komèsan, pou yo aji kote yo ye a, pou yo anbrase kreyòl la san rezèv pou nou tout ka vanse.
Pou n fini, nou tire chapo nou byen ba devan tout kòlèg, kit se otè, kit se evalyatè, devan tout moun ki pral li nimewo sa a, epi nou ba yo tout randevou pou yon lòt konbit, yon lòt lè men avèk menm bon kondisyon yo.
Referans
Césaire, A. (1983). Cahier d’un retour au pays natal. Paris : Présence Africaine, p. 63-64.
Chaudenson, R. & Vernet, P. (1983). L’école en créole : Études comparée de réformes éducatives en Haïti et aux Seychelles. Québec : Agence de coopération technique.
Fouché, F. (1954). « Jou va jouvini ». Optique 5, p. 67.
Tardieu, C. (1990). L'éducation en Haïti de la période coloniale à nos jours (1980). Port-au-Prince : Imprimerie Henri Deschamps.
Wolff, L. (2009). L’éducation en Haïti la voix du progrès. La voie du progrès. Partenariat pour la promotion de la réforme de l'éducation dans les Amériques. Washington, DC : PREAL.