Kreyòl: Feminen – maskilen
Iv Dejan (†)
Ki jan plis pase 3 milyon fi pale kreyòl ann Ayiti? Yon keksyon ki ta dwe enterese tout moun ki vle etidye òganizasyon lang kreyòl peyi nou an. Espesyalman moun ki vle sèvi ak konesans sa yo pou yo ede plis pase mwatye popilasyon peyi a nan branch edikasyon, sante, defans dwa yo, wòl yo nan mete men nan devlopman peyi a epi nan dirije peyi a. Ann sipoze nou tande yon manman ki di yon timoun 3 zan: “Pa mete tè nan bouch ou”. Kòm nou enterese nan pwoblèm lang, nou pran kalkile plas 6 mo sa yo epi nou ta renmen konnen sa ki ta rive si nou chanje lòd 6 mo sa yo.
Nou deja vanse mele. N ap rete sou 25 egzanp sa yo.
Kounye a, men kèk konsèy pou moun ki vle mennen yon ankèt.
Kote nou ye ann Ayiti a, n ap di chak nan 25 fi nou rankontre 25 pawòl yo depi nimewo 1 jis nimewo 25. Moun k ap koute pawòl yo, se kapab tifi ki gen ant 10 an ak 15 an oubyen ti jenn fi ant 18 ak 25 an, oubyen medam ant 30 an ak 45 an.
Lè m di poze moun yo keksyon, sa vle di : pou chak nimewo nou mande yo èske se kon sa moun konn pale kreyòl ?
Men, anvan nou kòmanse, nou di yo : mwen tande yon manman pitit ki di yon timoun 3 an :
Pa mete tè nan bouch ou.
Èske se yon bon pawòl ?
Lè nou fin fè ti esperyans sa a, n ap wè dapre tout moun, gen yon sèl pawòl ki nòmal: “Pa mete tè nan bouch ou”. Tout 25 lòt yo kwochi.
Alèkile, poze tèt nou yon keksyon. Si yon gwoup mesye dam ann Ayiti ta chwazi 3 egzanp nan 25 nimewo yo epi yo ta di :
Nou pral mennen yon aktivite nan radyo, nan televizyon, nan jounal, nan lekòl, nan gwoup legliz, eksetera, pandan 10 an pou tout moun ann Ayiti asepte 3 egzanp nou chwazi yo, pou yo sèvi ak yo. Kon sa pawòl sa yo ap tounen bon jan pawòl nòmal an kreyòl nan tout peyi a.
Yo ta di mesye dam sa yo pa byen nan tèt yo epi y ap pèdi tan yo.
Sa ta dwe fè nou reflechi. Se pa okenn moun nou konnen, ni ekriven, ni manm Akademi, ni manm asosyasyon, ni pwofesè inivèsite, ni otorite leta, ni pwofesè lekòl, ni gwo entèlektyèl ki te chita ansanm pou yo te envante lang franse, lang chinwa, lang angle, lang japonè oubyen lang kreyòl peyi d Ayiti.
An franse, se pa te yo ki envante "le, la, les, je, tu, elle, il, nous, vous, vous, ils, elles, ma, ta sa, mon, ton, son, nos, vos, leur". Ni mo ki nan bouch timoun piti, jenn moun, jennfi, jennjan, medam, mesye, an Frans an Bèljik, an Suis ak kèk lòt kote.
An kreyòl, se pa ni Tousen, ni Desalin, ni Sanit Belè, ni Marijàn, ni lòt moun nou konnen ki te chwazi "mwen mren, m, ou, wou, w, li, l, nou, yo". Ni pawòl ki nan bouch timoun piti, jenn moun, jennfi, jennjan, medam, mesye, lamè, lepè.
Ni se pa yo ki lakòz "feminen-maskilen-sengilye-pliryèl" deja òganize selon divès sistèm diferan ann ebre, an grèk, an laten, an franse, ann angle, nan lang bantou yo ann Afrik (Angola, Kongo, Mozanbik, Tanzani). Se pa yo ki fè chinwa ak kreyòl nou an pa gen ni maskilen ni feminen.
Pale yon lang lib, se tankou rale lè nan poumon n, dijere manje n, bat je n san nou pa ret kalkile sa k ap pase. Lè yon moun konn plis pase yon lang, sa pa vle di lè l ap pale panyòl fòk li ta okipe sa k ap pase an franse, an chinwa oubyen an kikongo.
Prèske 8 milyon moun ann Ayiti pa konnen sa ki pase nan lang franse, lè y ap pale kreyòl ki pwòp lang pa yo. Moun k ap fè tyoul franse lè y ap pale kreyòl se pa fò yo fò an franse. Se tèt yo ki twouble poutèt yon sistèm lekòl ki montre yo pa bay lang kreyòl la valè oubyen meprize li. Sitiyasyon sa a kapab lakòz sèten moun konprann yo gen pouvwa chanje sa yo vle nan lang kreyòl la epi se dwa yo tou. Depi moun gen lide kon sa nan tèt yo, nou tou wè yo pa te janm etidye lasyans lang. Se tankou yon nèg nan yon pyès teyat tan lontan Molyè (1622-1673) te ekri an Frans ki te konprann gwo doktè kapab chanje plas kè moun voye kè a sou bò dwat nèt. Gen moun ki te konprann tout lang gen feminen ak maskilen tankou fransè. Men pawòl yo li sou grèk, laten ak angle montre yo se pa vre. Laten ak grèk pa gen maskilen ak feminen sèlman yo gen 3 kategori. Twazyèm nan se net.
Lè yon moun vin konnen non lèt alfabè depi a jis z ki maskilen an franse, feminen an panyòl: la a, la b, kounye a li konprann ale mele se zo pwason. Men lè l tande nan lang bantou yo ann Afrik nan zòn Kongo, Angola, se pa ni maskilen-feminen-net men 10 kategori diferan ki genyen, li reyisi konprann pito li ret nan wòl li.
Men kèk egzanp franse ki montre kèk fòm maskilen ak feminen. Lè yo di gen maskilen ak feminen an franse sa vle di gen yon fòm diferan nan pi fò adjetif ak patisip, nan atik, nan pwonon poutèt rapò yo ak nenpòt ki non franse:
Egzanp :
Men, sa vle di gen yon fòm diferan nan vèb tou poutèt sijè vèb la se yon non maskilen oubyen yon non feminen.
Kèk lòt egzanp pral ede nou konprann jan pawòl feminen ak maskilen an se kichòy ki konplike nan 2 tradiksyon franse yo kapab li premye liv Labib, Jenèz 1, 2 et le souffle de Dieu planait sur les eaux. Oubyen "l’esprit de Dieu"
Mo ebre rouha se yon mo feminen
Laten : ventus halitus spriritus aer animus hominis
Franse : souffle haleine respiration air vent âme vre esprit
Grèk : pneu to preuma net
Ann alman : die kiefer (le pin) der kiefer (la mâchoire) das Madchen jennfi
Pye bwapen machwa net
Franse feminen table chaise salière-maskilen tabouret, fauteuil, sucrier
La cuiller
Alman der loffel der kegel der stuhl
Laten feminen arbor mask. dolor
Lè yo di nanpwen maskilen ak feminen an kreyòl sa vle di nanpwen anyen ki chanje nan adjektif, nan pwonon, nan atik poutèt rapò yo ak yon non kreyòl. Tradiksyon kreyòl egzanp franse, angle, ebre, grèk, laten yo, montre sa. E se kon sa ni fi ni gason pale tout kote ann Ayiti. E sa fè plis pase 250 ane yo pale kon sa. Se selon yon sistèm ki pa ni sistèm franse kolon franse te pale Sendomeng, ni sistèm franse, Bèlj, Suis, Kanadyen suiv lè yo pale an 2006. Natirèlman, yon moun ki konn lang franse, yon moun ki pale franse fen, yon moun ki etidye istwa ak òganizasyon lang franse, kapab rekonèt sa ki sanble ak sa ki pa sanble nan lang franse ak nan lang kreyòl la. Si moun nan konn tou sa, nou ta gen rezon sipoze gen yon lòt bagay li konnen tou : nan peyi d Ayiti plis pase 7 milyon moun, ki pale kreyòl sèlman, pa kapab fatige tèt yo ak mo, non, vèb, adjektif, pwonon, pwononsiyasyon, lòd mo, eksetera, ki nan lang franse. Zafè kabrit pa zafè mouton. Italyen, panyòl ak pòtigè, pa laten kwak se nan lang laten 90% mo panyòl, pòtigè, italyen soti.
Moun ki vle chanje sans mo kreyòl, fòm mo kreyòl, lòd mo kreyòl, rapò mo kreyòl youn ak lòt ta chanje lide si yo ta etidye lasyans lang fon.
Nan koze lang, jan (an franse genre, ann angle gender "se yon sistèm pou klase non. Sistèm nan aji sou keksyon gramè lang tankou akò ak pwonon ki nan plas non". (1)
Gen akò lè yon non lakòz tèl lòt mo tankou vèb (patisip, adjektif, atik, pwonon) gen tèl fòm. Egzanp franse: non "terre" nan "la terre" lakòz se fòm la atik la genyen.
Non "sable" nan "le sable" lakòz se fòm le atik la genyen
Tout non franse dakò egzijibleman swa avèk le, swa avèk la.
Tout non franse ki sijè yon vèb, depi yo mache ak la, se pwonon elle ki pou ranplase yo. Depi yo mache ak le se pwonon il ki pou ranplase yo.
Nanpwen anyen ki sanble ak sitiyasyon sa a an kreyòl, ki fè pa gen ni feminen ni maskilen an kreyòl. Sa pa vle di kretyen vivan ann Ayiti tankou tout kote sou latè pa fi oubyen gason. Sa pa vle di bèt ann Ayiti tankou tout kote sou latè pa femèl oubyen mal. Men, koze sa yo se pa koze lang ni se pa koze nouvo ki fèk parèt sou latè a. Lang kreyòl la gen mo pa l pou sa depi lontan.
Nan nimewo 65 jounal Ayitifanm (volim 15, sektanm-oktòb 2005) mwen jwenn 35 fòm mo mwen konnen ki pa ni nan tèt ni nan bouch prèske 8 milyon moun ki pale kreyòl sèlman ann Ayiti. (Kòm yon moun k ap etidye kreyòl fon depi plis pase 50 ane epi ki vin yon espesyalis nan branch sa a, sa m panse de lis mo a ?)
Ti ponyen moun ki fòse sèvi ak fòm sa yo, lè yo li kreyòl epi lè yo ekri kreyòl, se kòm si yo gen yon linèt franse nan je yo. Lè yo pale kreyòl, espesyalman lè yo pran lapawòl devan plizyè lòt moun, se kòm si se ak yon mikwo franse yo sèvi. Ann kalkile sitiyasyon yon pwofesè ki konn laten, angle, espayòl. Li wè mo "Jesus" ekri yon kote li p ap li mo a menm jan ak pi fò ti elèv sizyèm ane fondamantal nan pi fò lekòl ann Ayiti. Yon ti elèv k ap wè manke yon aksantegi sou "Jésus" oubyen li ka pa wè sa e l ap li mo a jan l abitye li l an franse, byen osinon malman. Pwofesè a menm gen dwa kalkile twa pwononsiyasyon diferan: youn pou laten, youn pou angle, youn pou espayòl.
Se kon sa tou, nan tèt prèske 8 milyon moun ann Ayiti pa gen okenn fo pwoblèm maskilen-feminen ki pa egziste an kreyòl. Kwak nan pale yo chak jou Bondye kreye, yo distenge yon seri pè non youn pou fi ak youn pou gason tankou: nèg-nègès, mesye-madam, tonton-matant, direktè, direktris, mèt-metrès, Ayisyen-Ayisyèn, Kiben-Kibèn, Ameriken-Amerikèn, Dominiken-Dominikèn, eksetera.
Lis fòm mo mwen jwenn nan nimewo jounal la sèvi ak 8 sifiks franse li prete.
Pou ki sa li ret sou 8 sifiks sèlman (egal 8 tèminal mo) ? Edisyon 1969 ti diksyonè franse Wobè gen plis pase 200 sifiks nan paj 1954-1956. Bout mo sa yo nan finisman mo franse fè pati yon sistèm konplike mòfoloji (egal fòm mo) ki pa menm ak sistèm mòfoloji angle, panyòl, laten, grèk, ebre, kreyòl. Mo pa annik antre nan yon lòt lang san yo pa konfòme yo ak egzijans sistèm lang kote y ap antre a. Envante yon seri mo san prensip epi foure yo nan lang kreyòl Ayiti a, se ka tankou aktivite yon pwofesè franse ki sot nan peyi l an Frans epi ki pase 20 ane nan vi l ann Ayiti. Etan li vin konn kreyòl byen, yon lide dwòl ta anpare l pou l foure modèl "mwen chita chita m" nan lang franse tou. Epi li ta tonbe ekri atik pou jounal franse ak yon seri koze kankou "Je suis assis mon assis et je mange mon mange". Si l konprann fòm sa yo ap anvayi lang 60 milyon moun pale an Frans, gen moun ki ta panse tèt li varye. Pawòl konbyen milyon moun ki pale kreyòl sèlman, tankou "Erèz akouchman", "ti nèg la rizèz", "Mouche landyèz" epi "laperèz" ta kapab fè moun egzante doktèz, erityèz, gouvènèz, palmantèz, sekretèz, senatèz". Nan menm fraz nan atik jounal la gen yon "lidèz ki te popilè". Epi gen yon "militant ki trè aktif". Gen yon seri "dirijant, endepandant opozant, reprezantant, senpatizant" "fanm vanyan, pèdan, prezan". Èske yon jounal ki vle sèvi enterè plis pase 4 milyon fi peyi d Ayiti pa ta merite kalkile si moun sa yo pa gen kont mo kreyòl nan tèt yo ak nan bouch yo, an 2006, pou yo pale tout kalite pawòl ki konsène yo ?
An 1914, Jozèf Vandriryès te ekri : "Lè moun pa fin sèten sa yo konn di, se pèp la pou y al mande" (2). Lengwis franse sa a ki ekri pawòl la, se pa te yon ti savan wòwòt nan koze lang non.
Yon lòt bon liv lengwistik plizyè savan ekri an 1993 di kon sa : "Se pa yon lang ki gen prejije sou fi ak gason, se jan moun ki pale yon lang aji, ki montre yo gen prejije". (3)
Si m pa fè prèske uit milyon moun ki pale kreyòl sèlman nan Ayiti konfyans nan koze lang kreyòl, sa m konprann mwen ye ? Medam, ki fè gwo etid, si nou pa fè kat milyon fi parèy nou konfyans nan mòd pale kreyòl yo, sa nou konprann nou ye ? Mesye, ki fè gwo etid, si nou pa fè kat milyon gason parèy nou konfyans nan mòd pale kreyòl yo, sa nou konprann nou ye e sa nou konn nan lang ?
Nòt
« Gender is a classification system for nouns, which affect such grammatical matters as agreement and pronominal reference. » Sitasyon ki soti nan paj 282 nan: Cruse, Alan (2004), Meaning in language an introduction to Semantics and pragmatics. (Second edition), Oxford, Oxford University Press.
(2) « C’est le peuple qu’il faut consulter quand on hésite sur un cas d’usage. » Sitasyon ki soti nan paj 269 liv: Joseph Vendriyès (1923), Le langage introduction linguistique à l’histoire. Pari, Albin Michel.
(3) « It is not the language that is sexist but the attitudes of its speakers ». Sitasyon ki soti nan paj 434 liv: O’Grady William et al. (1993), Contemporary Linguistics - an introduction. New York, St Martin’s Press.
- Ann kòmanse ak Pa.
- Pa mete tè nan ou bouch
- Pa mete tè ou nan bouch
- Pa mete ou tè nan bouch
- Pa ou mete tè nan bouch
- Pa ou bouch mete tè nan
- Pa ou bouch tè mete nan
- Pa ou bouch nan tè mete
- Pa bouch mete tè nan ou
- Pa bouch mete nan tè ou
- Pa bouch mete nan ou tè
- Pa bouch nan mete tè ou
- Pa nan mete tè bouch ou
- Pa nan mete tè ou bouch
- Pa nan mete ou tè bouch
- Pa nan mete bouch tè ou
- Pa nan mete bouch ou tè
- Pa tè mete nan bouch ou
- Pa tè mete bouch nan ou
- Pa tè mete bouch ou nan
- Pa tè mete ou nan bouch
- Mete pa tè nan bouch ou
- Mete pa tè bouch nan ou
- Mete pa tè bouch ou nan
- Mete pa nan tè bouch ou
- Mete pa nan bouch ou tè
Nou deja vanse mele. N ap rete sou 25 egzanp sa yo.
Kounye a, men kèk konsèy pou moun ki vle mennen yon ankèt.
Kote nou ye ann Ayiti a, n ap di chak nan 25 fi nou rankontre 25 pawòl yo depi nimewo 1 jis nimewo 25. Moun k ap koute pawòl yo, se kapab tifi ki gen ant 10 an ak 15 an oubyen ti jenn fi ant 18 ak 25 an, oubyen medam ant 30 an ak 45 an.
- Gen twa fason nou kapab mennen ti aktivite sa a.
- Nou poze keksyon yo. Nou koute repons yo byen. Epi nou eseye chanje yo.
- Nou poze keksyon yo. Nou koute repons yo byen etan n ap ekri yo sou yon fèy papye.
- Nou poze keksyon yo. Nou koute repons yo byen etan nou anrejistre yo sou kasèt.
Lè m di poze moun yo keksyon, sa vle di : pou chak nimewo nou mande yo èske se kon sa moun konn pale kreyòl ?
Men, anvan nou kòmanse, nou di yo : mwen tande yon manman pitit ki di yon timoun 3 an :
Pa mete tè nan bouch ou.
Èske se yon bon pawòl ?
Lè nou fin fè ti esperyans sa a, n ap wè dapre tout moun, gen yon sèl pawòl ki nòmal: “Pa mete tè nan bouch ou”. Tout 25 lòt yo kwochi.
Alèkile, poze tèt nou yon keksyon. Si yon gwoup mesye dam ann Ayiti ta chwazi 3 egzanp nan 25 nimewo yo epi yo ta di :
Nou pral mennen yon aktivite nan radyo, nan televizyon, nan jounal, nan lekòl, nan gwoup legliz, eksetera, pandan 10 an pou tout moun ann Ayiti asepte 3 egzanp nou chwazi yo, pou yo sèvi ak yo. Kon sa pawòl sa yo ap tounen bon jan pawòl nòmal an kreyòl nan tout peyi a.
Yo ta di mesye dam sa yo pa byen nan tèt yo epi y ap pèdi tan yo.
Sa ta dwe fè nou reflechi. Se pa okenn moun nou konnen, ni ekriven, ni manm Akademi, ni manm asosyasyon, ni pwofesè inivèsite, ni otorite leta, ni pwofesè lekòl, ni gwo entèlektyèl ki te chita ansanm pou yo te envante lang franse, lang chinwa, lang angle, lang japonè oubyen lang kreyòl peyi d Ayiti.
An franse, se pa te yo ki envante "le, la, les, je, tu, elle, il, nous, vous, vous, ils, elles, ma, ta sa, mon, ton, son, nos, vos, leur". Ni mo ki nan bouch timoun piti, jenn moun, jennfi, jennjan, medam, mesye, an Frans an Bèljik, an Suis ak kèk lòt kote.
An kreyòl, se pa ni Tousen, ni Desalin, ni Sanit Belè, ni Marijàn, ni lòt moun nou konnen ki te chwazi "mwen mren, m, ou, wou, w, li, l, nou, yo". Ni pawòl ki nan bouch timoun piti, jenn moun, jennfi, jennjan, medam, mesye, lamè, lepè.
Ni se pa yo ki lakòz "feminen-maskilen-sengilye-pliryèl" deja òganize selon divès sistèm diferan ann ebre, an grèk, an laten, an franse, ann angle, nan lang bantou yo ann Afrik (Angola, Kongo, Mozanbik, Tanzani). Se pa yo ki fè chinwa ak kreyòl nou an pa gen ni maskilen ni feminen.
Pale yon lang lib, se tankou rale lè nan poumon n, dijere manje n, bat je n san nou pa ret kalkile sa k ap pase. Lè yon moun konn plis pase yon lang, sa pa vle di lè l ap pale panyòl fòk li ta okipe sa k ap pase an franse, an chinwa oubyen an kikongo.
Prèske 8 milyon moun ann Ayiti pa konnen sa ki pase nan lang franse, lè y ap pale kreyòl ki pwòp lang pa yo. Moun k ap fè tyoul franse lè y ap pale kreyòl se pa fò yo fò an franse. Se tèt yo ki twouble poutèt yon sistèm lekòl ki montre yo pa bay lang kreyòl la valè oubyen meprize li. Sitiyasyon sa a kapab lakòz sèten moun konprann yo gen pouvwa chanje sa yo vle nan lang kreyòl la epi se dwa yo tou. Depi moun gen lide kon sa nan tèt yo, nou tou wè yo pa te janm etidye lasyans lang. Se tankou yon nèg nan yon pyès teyat tan lontan Molyè (1622-1673) te ekri an Frans ki te konprann gwo doktè kapab chanje plas kè moun voye kè a sou bò dwat nèt. Gen moun ki te konprann tout lang gen feminen ak maskilen tankou fransè. Men pawòl yo li sou grèk, laten ak angle montre yo se pa vre. Laten ak grèk pa gen maskilen ak feminen sèlman yo gen 3 kategori. Twazyèm nan se net.
Lè yon moun vin konnen non lèt alfabè depi a jis z ki maskilen an franse, feminen an panyòl: la a, la b, kounye a li konprann ale mele se zo pwason. Men lè l tande nan lang bantou yo ann Afrik nan zòn Kongo, Angola, se pa ni maskilen-feminen-net men 10 kategori diferan ki genyen, li reyisi konprann pito li ret nan wòl li.
Men kèk egzanp franse ki montre kèk fòm maskilen ak feminen. Lè yo di gen maskilen ak feminen an franse sa vle di gen yon fòm diferan nan pi fò adjetif ak patisip, nan atik, nan pwonon poutèt rapò yo ak nenpòt ki non franse:
- Sa grande maison est ouverte
- Son grand bureau est ouvert
- La maman est patiente
- Le Papa est patient
- La petite fille est charmante
- Le petit garçon est charmant
- La petite cerise est verte
- Le petit cerisier est vert
- Ma belle mangue est verte
- Mon beau melon est vert
- Mary is a teacher. She is a good teacher. Students like her.
- John is a teacher. He is a good teacher. Students like him
- Look at this house. It is large. Its garden is beautiful.
- Mari se yon pwofesè. Li se yon bon pwofesè, elèv renmen li.
- Jan se yon pwofesè. Li se yon bon pwofesè. Elèv renmen li.
- Gade kay sa a. Li gran. Jaden flè li a bèl.
Egzanp :
- Naar gadol : yon gran gason
- Naar gadola : yon gran fi
Men, sa vle di gen yon fòm diferan nan vèb tou poutèt sijè vèb la se yon non maskilen oubyen yon non feminen.
- Noche lomed ivrit : Moyiz ap aprann ebre
- Sara limedet ivrit : Sara ap aprann ebre.